lundi 2 mai 2016

Kreyòl Ayisyen

Kreyòl se yon lang menm jan ak tout lang, gen plis pase 11 milyon moun ki pale kreyòl k'ap viv an Ayiti, e plis pase 3 milyon moun sou rès planèt la ki pale kreyòl, tankou Ayisyen kap viv etazini yo, epi gen plizyè lòt peyi nan karayib la ki pale kreyòl, ki yon ti jan diferan de kreyòl Ayisyen an, tankou Matinik, Giyàn ak Bayamas.
 
Kreyòl Ayisyen an se yon melanj ki gen plis pase 10 lòt lang ladann. Nan tan lontan Ayiti te konn sa yo rele kolonizasyon, te gen yon bann peyi ki tap goumen pou piye tout richès ki te gen nan peyi a, tankou Frans ak Espay, epòk sa Ayiti te rele Sen Domeng, separasyon zile a vin fèt, Frans pran pati lwès zile a ki vin rele Ayit epi Espay ret ak pati lès zile ki vin pote non repiblik dominikèn.
 
Pou Fransè yo te ka piye peyi a pi byen yo t oblije al chache Afriken pou vin sèvi esklav yo, Kòm kontinan Afrik la plen peyi, yo chak te gen lang pa yo ak dyalèk pa yo tankou Wolòf, Fon, Ewe, Kikongo Yoruba ak Igbo, se tout lang sa yo ki vin bay kreyòl ayisyen, paske fòk yo te kominike ansanm, chak te oblije di sa yo konnen an nan lang pa yo a, jistan tout moun vin konprann lòt.
 
Se konsa nou vin gen lang Kreyòl Ayisyen an,  ki vin nan lane 1987 lang ofisyèl peyi Dayiti.
 
Lang Kreyòl la pran anpil imilyasyon sitou nan men pwòp ayisyen yo, ki vin koz Ayiti pèdi tout tradisyon l paske nou plis anvi adopte kilti lòt peyi ak lang lòt peyi pou n pa pran imilyasyon ankò, e se pi gwo erè nou te ka fè, lè nap jete sa ki pou nou, pou n' ranmase sa ki pa pou nou, ki vin koz timoun yo pa ka byen aprann lekòl paske yo pa aprann yo anyen nan lang yo konnen an ki se Kreyòl la, e sa vin rann tou lòt peyi pa bal enpòtans tou, paske si nou menm ki mèt lang lan nou pè pale l lè n an piblik, se pa etranje a k'ap vin bal enpòtans pou nou, se sak fè lè pou w jwenn yon travay, si se anglè mèt antrepriz la pale, pou l ba w yon travay fòk ou pale anglè tou, si se espanyòl ou sipoze pale espanyòl tou.
 
Ki ta dwa yo si nou te bay tèt nou vale ak lang kreyòl la, pou yo ta mande w fòk ou pale lang pa yo a, pou yo ba w yon travay, m' te kwè se t'ap depi avan yo vin Ayiti yo t'ap aranje yo pale lang ou a, se yo ki t'ap chache konprann nou olye se nou kap chache konprann yo.
 
Si yon Anglè al Japon pou l fè biznis, se pa japonè a non l'ap mande pou ki pale anglè a, men se li k'ap fè yon jan pou l konprann japonè yo.
 
Se lè m'ap reflechi konsa pou lang kreyòl la, sa banm remò, ki fè m chwazi kreye "Kaye Kreyòl" pou m wè nan ki mwayen m ka leve ti rès dinite lang kreyòl la nan je tout lòt nasyon yo e nan je pèp Ayisyen an, paske pi gwo pèp ki kraze lang kreyòl la se Ayisyen parèy mwen yo ankò.
 
Frantz Emmanuel SANON